GOUVÈNÈ CUOMO FELISITE 730 MANM AMERICORPS PANDAN YO ANBAKE SOU YON ANE SÈVIS KOMINOTE.
Pou Divilgasyon Imedya: 15 Novanm 2013
GOUVÈNÈ CUOMO FELISITE 730 MANM AMERICORPS PANDAN YO ANBAKE SOU YON ANE SÈVIS KOMINOTE.
Nouvo manm AmeriCorps yo pral bay sèvis entansif, ki baze sou rezilta pou satisfè bezwen edikasyon, anviwònman, sante, ekonomik, dezas, ak veteran.
Gouvènè Andrew M. Cuomo jodi a te felisite 730 manm AmeriCorps pandan y ap kòmanse nouvo ane sèvis kominotè yo atravè Eta New York.Yo pral voye manm yo, ki te prete sèman nan semèn sa a nan Albany, nan plis pase 40 diferan sit pwojè atravè eta a pou ede veteran yo, lekòl yo ak anviwònman an atravè sèvis dirèk.
“Mwen kontan akeyi tout nouvo manm AmeriCorps ki pral sèvi kominote atravè Eta New York,” Gouvènè Cuomo te deklare.“Soti nan ogmante pousantaj alfabetizasyon nan mitan timoun nou yo rive ede ewo lagè nou yo apre yo retounen lakay yo, manm AmeriCorps sa yo pral ede abòde diferan pwoblèm.