TWEET TWEET: ENFÒMASYON POU TIMOUN AK FANMI NOUYÒK YO DISPONIB AN PAYYÒL OCFS vin premye ajans Eta New York ki kreye yon kont Twitter nan lang Panyòl US Census Bureau: 15 pousan Nouyòkè yo pale panyòl lakay yo.
RENSSELAER, NY, 17 janvye 2014 – Biwo Sèvis Timoun ak Fanmi Eta New York (OCFS) jodi a te anonse kreyasyon yon kont Twitter pou amelyore kominikasyon ak Nouyòkè ki pale Panyòl.Biwo Enfòmasyon Piblik (PIO) kounye a kenbe “NYS OCFS en Español,” oswa @NYSOCFS_espanol , kote yo voye tweets an Panyòl regilyèman.OCFS se premye ajans Eta New York ki kreye yon kont Twitter nan lang Panyòl.
“Li enpòtan pou nou ke nou rive jwenn otan Nouyòkè posib,” te di Komisyonè Enterimè Sheila J. Poole."Nou rekonèt ke se pa tout disip rezo sosyal nou yo ki konpetan nan lang angle.Sa a se yon gwo opòtinite pou OCFS gaye enfòmasyon ak pataje resous bay moun ki pale Panyòl nan yon fason inik, enklizif, 21yèm Syèk.”
Menm jan ak kontrepati lang angle li a, @NYSOCFS , &l